Add parallel Print Page Options

Menm jan an tou, lè n ap pale, piga nou nan repete gwo mo ak vye blag, bagay ki pa gen enpòtans. Bagay sa yo pa pou nou. Okontrè, se pawòl remèsiman anvè Bondye ki pou nan bouch nou pito. Nou mèt sèten, moun k ap viv tankou moun k ap sèvi zidòl, yo p ap kapab antre nan wayòm Bondye ak Kris la: moun ki pote lanvi sou zafè lòt moun, se tankou moun k ap sèvi zidòl; moun ki sal tèt yo nan komèt imoralite seksyèl andeyò mariyaj, se tankou moun k ap sèvi zidòl.

Pa kite okenn moun twonpe nou ak yon kantite manti. Se poutèt peche sa yo menm Bondye fache epi li pini moun ki pa vle obeyi l yo.

Read full chapter